Vandredi 27 Out 2021
Sipèentandan Mike Burke remèsye elèv ak fanmi yo ki swiv nouvo pwotokòl COVID-19 la, epi envite kominote a ede selebre pwofesè devwe yo chak jedi.



Di Yon Pwofesè Espesyal "Mèsi"

Pwogram Jedi pou Remèsye Yon Pwofesè retounen ankò. Apati 9 septanm chak semèn yon pwofesè ap resevwa yon sipriz ak mo gratitid epi yon kado $100 ki se yon patwonaj T-Mobile ak Gold Coast Federal Credit Union.

Elèv Aprann Leson Pa Pou Klas Sèlman

Nan Lekòl Elemantè Golden Grove genyen yon nouvo jaden eksperimantal ki ap bay elèv opòtinite aprann yon fason pratik syans ak konpetans sosyal emosyonèl.

Wi, Ou Kapab Kode!

Elèv nan lekòl segondè yo pote yo volontè pou aprann sa ki nan klas pi ba yo ekri kòd nan syans enfòmatik an kolaborasyon ak òganizasyon canColde. Gabby Davis, yon elèv nan klas tèminal nan Lekòl Segondè Olympic Heights ak prezidan canCode ap eksplike nan videyo sa a kijan li espere enspire jèn yo ladrès y ap bezwen pou karyè alavni.
Dr. Glenda Sheffield, Ofisye Akademik Anchèf, ak Valerie Miyares, Manadyè Pwogram Atletik, ap reponn kesyon sou pwotokòl pou sezon espò a. Klike la a pou w gade.
Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.