29 Avril 2024
Distri A Ap Selebre Mwa Eritaj Ayisyen
 
Nan mwa Me a, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap komemore Mwa Eritaj Ayisyen. Selebrasyon sa a rekonèt kontribisyon valab Ayisyen fè nan istwa mond la. Se selebrasyon istwa ak kilti ayisyen ak yon opòtinite pou pataje kilti a ak kominote a.
 
Yon varyete aktivite pral fèt nan plizyè lekòl nan distri a, anplis evènman nan kominote a. Ane sa a ankò genyen Konkou Disètasyon Anyèl Mwa Eritaj Ayisyen an pou elèv lekòl segondè, ki patwone pa Gaskov Clergé Foundation, Educa Vision Inc., ak Triple VMC Global Services.

Remèsye Yon Pwofesè Kòm Pwofesè Pou Semèn Nan
Francis Arbesfeld se nouvo gayan inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la. Li jwenn nominasyon kòm Pwofesè Pou Semèn pase a. Li se yon pwofesè nan Lekòl Elemantè South Grade. Li te resevwa vizit sipriz nan klas li pou gwo anons sa a. Li resevwa yon chèk $250 soti nan men HCA Florida Healthcare ki se esponnsò inisyativ la pou ane sa a. Inisyativ “Remèsye Yon Pwofesè” genyen kòm objektif pou ankouraje epi rekonèt yon pwofesè paran, elèv ak kanmarad li nonmen pou gwo enpak pozitif li genyen sou elèv li.

Gade Kijan Elèv Yo Ap Selebre Kilti Ak Tradisyon
Senpozyòm Akademi Panyòl Entènasyonal (ISA) òganize nan Lekòl Segondè John I. Leonard yon aktivite ki mete aksan sou talan bileng ak miltikiltirèl elèv yo. Tout patisipan nan evènman an enskri nan pwogram espesyal bileng nan Distri a ke Anbasad Espay apwouve.

Pwofesè Distri A Resevwa Rekonesans Mondyal
Felisitasyon pou Madam Marisa Medvetz Santos ki se pwofesè nan Lekòl Segondè Seminole Ridgel pou nominasyon li kòm gayan rejyonal 2024 Cambridge International Education Dedicated Teacher pou Amerik di Nò!
 
De Lekòl Segondè Nan Distri A Klase Pami
Tòp 100 Nan Peyi Etazini 
Dapre klasman anyèl U.S. News & World Report pibliye, de lekòl segondè Distri Palm Beach la pami 100 pi gwo lekòl segondè piblik nan peyi a. Alexander W. Dreyfoos School of the Arts klase 91yèm epi Suncoast Community High School klase 98yèm. 


Chef Zak Bell Ak Elèv Ap Teste Nouvo Meni Manje
 
An patenarya ak Chef Zach Bell ki renome lokalman ak No Kid Hungry Florida, elèv ki nan Allamanda Elementary te pran plezi eseye nouvo opsyon manje midi.
 
Objetif la se pèmèt elèv yo teste nouvo manje yo epi apwouve yo avan Sèvis Manje Lekòl Distri a ajoute yo nan tout meni manje midi lekòl yo.
 

PWOGRAM PEYE KOLÈJ ALAVANS

Pwogram Peye Kolèj Alavans nan eta Florid se yon avantaj pou paran. Tanpri pran avantaj opòtinite sa a.
Depi 10 ane se plan ki genyen pri ki pi ba. Plis pase 1.2 milyon fanmi nan eta Florid ap benefisye opòtinite sa a.