Madi 18 Out 2020
Reyinyon Komite Direksyon Distri a
Gade Reyinyon Komite Direksyon Distri a mèkredi 19 out a 2:30 epi a 5:00 PM sou http://palmbeachschools.org, Comcast Kanal 235, oswa AT&T U-Verse Kanal 99. Yo pral diskite sou pwotokòl sekirite pou COVID19 pou elèv ak anplwaye.
Liy Telefòn pou Enfòmasyon
Rele nimewo enfòmasyon si w genyen kesyon sou aprantisay adistans, kesyon sou konpitè, elatriye, nan 561-969-5840. Liy nan ap disponib apati mèkredi 19 out chak jou nan semèn nan soti 8:00 nan maten pou rive 4:00 nan apremidi. Genyen moun ki pou reponn nan lang anglè, panyòl, ak Kreyòl Ayisyen. 
Kesyon ak Repons
K: Èske paran ap genyen chwa pou voye pitit yo lekòl fizikman 31 out.
R: Non! Lekòl ap ouvri pou tout timoun ak Aprantisay Adistans le 31 out.
Distribisyon Manje pou Rès Vakans la ak Aplikasyon pou Manje Gratis Oswa a Pri Redui
Distribisyon manje gratis ap kontinye pou rès vakans la; men apati 31 out pri manje yo ap baze sou pri tradisyonèl yo. Sonje aplike pou manje gratis oswa a pri redui. 
Kijan pou Itilize Laptòp pou Aprantisay Adistans yo
Laptòp distri a distribiye bay elèv la sèlman pou yo itilize pou Aprantisay Adistans. Yo pa genyen aksè sou lòt platfòm (tankou medya sosyal yo) ak lòt sit entènèt ki pa gen rapò ak edikasyon. Y ap pèmèt elèv yo ale sou pòtal yo epi konekte ak pwofesè yo ak tout resous akademik distri a poste.
Ede Fondasyon Edikasyon Bay Elèv Founiti Klasik
Fondasyon Edikasyon Rejyon Palm Beach la ap mande kominote a pou ede elèv jwenn founiti klasik pou lè yo retounen lekòl an pèsòn.
Maraton pou kolekte founiti klasik la, ankolaborasyon ak Red Apple Supplies, ap fèt rive jiska 31 out. Yon donasyon $25 ap bay yon elèv yon valiz ranpli ak materyèl.

Konstriksyon nan Distri a Pandan Ete a
Pandan elèv ak anplwaye yo pa la, Distri a ap akselere pwojè konstriksyon yo pandan ete a. (Gade la a pou w wè travay ki ap fèt nan lekòl yo.)

Depatman Edikasyon Eta Florid Vle Tande Opinyon nou
Depatman Edikasyon Eta Florid ap òganize yon seri gwoup refleksyon ak paran epi pwofesè nan semèn ki ap vini yo osijè evalyasyon estanda yo. Si w enterese pou w patisipe klike la a pou w ranpli yon aplikasyon.
Sonje ranpli RESANSMAN 2020 an avan 30 septanm. W ap jwenn kesyonè a sou entènèt nan: http://2020census.gov