Lekòl Rejyon Palm Beach Ranmase Don pou Elèv Siklòn Ian ki afekte yo
Pandan lekòl nan Sidwès eta Florid ap travay pou retounen fonksyone apre siklòn Ian, sipò ap soti toupatou nan eta a ak nan peyi a. Klas dezyèm ane Katie Judge nan Lekòl Piblik Palm Beach te lanse yon konkou pou bay materyèl lekòl espesyalman pou Lekòl Sanibel.
Lekòl Mwayen Woodlands te ranmase mwen $1,000 pou Florida Disaster Relief Fund, epi Lekòl Elemantè Sandpiper Shores te kolekte plis pase $2,000 atravè Penny Wars.
Lekòl Piblik Palm Beach gen yon bwat koleksyon sou Seaview Avenue an pou manm kominote a ki vle fè don. Koleksyon an ap fini nan fen mwa oktòb la.