11 Septanm 2023
Nou Pa p Janm Bliye 11 Septanm 2001
Tout moun sonje kote yo te ye nan dat 11/11: yon klas, yon biwo, lakay yo, oswa pou kèk, yo te la sou sèn nan nan Twin Towers yo. Nan dat 11 septanm 2001, 2,977 moun te kòmanse jounen yo kòm dabitid, men malerezman yo pa t retounen lakay yo.

Ekspozisyon mobil Tunnel to Towers 9/11 NEVER FORGET te nan Lekòl Segondè Jupiter pou bay elèv yo yon chans pou yo konprann pi byen youn nan jou ki pi trajik nan istwa nasyon nou an. Polis lekòl la, Kevin O'Sullivan, te pataje pwòp eksperyans li sou 11/9 kòm lyetnan nan Depatman Polis Vil Nouyòk.

“ENFÒME W” Ap Resevwa Kòm Envite Djenane St Fleur Ki Pral Bay Paran Konsèy Pou Rantre Lekòl
Lake Worth Trojans Prepare Pou Siksè Gras Ak Sipò Kominote A
Miami Dolphins te bay ekip foutbòl Lekòl Segondè Lake Worth la yon sipriz. Se yon kamyon plen ekipman pou fòmasyon pwofesyonèl, ekipman sekirite, mayo, elatriye, pou prepare nouvo sezon an.
 
Òganizasyon Junior Dolphins la te bay ekipman fòmasyon pou sezon anvan an pou sipòte ak pèmèt elèv-atlèt lokal yo. Inisyativ la te gen enpak sou plizyè pwogram foutbòl Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la espesyalman ak ekipman sekirite pou ankouraje prevansyon blesi.
 
Gade Ki Lekòl Segondè Distri A Ki Te Klase Antèt Nan Palm Beach Illustrated Education Awards Ane Sa A
Lekòl Segondè Lake Worth pran de nan kat prim onè nan Palm Beach Illustrated Education Awards 2023 a  Jedi 7 septanm nan. Pwogram Fanfa Lekòl la resevwa prim Pwogram Akademik Eksepsyonèl, pou selebre bon rezilta aprantisaj li yo, enpak sou elèv yo, ak kominote a, epi inovasyon li pote.

Doktè Tiffany Cox, Direktè Gwoup Mizik lekòl la, te genyen prim Edikatè pou Ane a, yon onè yo bay yon edikatè nan Rejyon Palm Beach la ki gen enpak enpòtan sou elèv ak pwofesè epi ki demontre pratik ansèyman inovatè nan klas li.

Mwa Eritaj Panyòl 2023 Selebre Prosperite, Pouvwa, Ak Pwogrè
Mwa Eritaj Panyòl yo selebre chak ane soti 15 septanm rive 15 oktòb. Pandan tout mwa a, Distri a onore kontribisyon inik ak divèsite kilti Ispanik ak Latino yo. Tèm ane sa a se Latino: Kontribye nan pwosperite, pouvwa, ak pwogrè nan Etazini. Dapre Biwo Resansman Ameriken, kominote Latino a reprezante apeprè 19% nan popilasyon total Etazini ak prèske 40% popilasyon elèv nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.

Nou Vle Tande Opinyon W! Nonmen Yon Pwofesè Ki Fè Yon Diferans Nan Edikasyon Pitit Ou
Kanpay “Remèsye yon Pwofesè” tounen pi djanm ane sa a gras ak patwonaj HCA Florida Healthcare. Chak semèn, Distri a pral fè yon pwofesè yon sipriz espesyal ak rekonpans Pwofesè Pou Semèn nan ki se yon prim $250! Èske w vle remèsye yon pwofesè espesyal pou enpak li te fè sou lavi w? Ou gen chans pou fè sa kounye a. Klike la a pou nonmen yon pwofesè.

Konsyantizasyon Sekirite Bisiklèt Ap Vini Nan Yon Lekòl Ki Toupre W!

Distri a fyè pou l revele nouvo inite sekirite pòtab li pou bisiklèt ak pyeton. Ap genyen yon trelè ranpli ak nouvo bisiklèt, kas, ansèy pou lari, ak ekipman bisiklèt adaptab, ki fèt pou ede elèv ki gen andikap, pou klas nan lekòl elemantè yo pou kou sou bisiklèt ak sekirite pyeton. Trelè a ap retounen an sèvis pou premye fwa depi pandemi an.

Elèv klas twazyèm jiska senkyèm ane pral aprann leson enpòtan sou sekirite pou bisiklèt ak pyeton.