Vandredi 13 Desanm 2023
Sipèentandan An Ak Komite Direksyon Distri A Pataje Priyorite Lejislatif Yo Ak Lejislatè Yo

Jedi 12 janvye, Manm Komite Direksyon Distri a ak Sipèentandan Burke te reyini pou yon Atelye Travay Konjwen anyèl ak Delegasyon Lejislatif Rejyon Palm Beach la pou mete lejislatè lokal yo okouran priyorite lejislatif Distri a.
Sipèentandan Burke te bay yon prezantasyon konplè ki te mete aksan sou reyalizasyon Distri a, tankou 74% apwobasyon Distri a te resevwa nan men votè yo pou renouvle referandòm taks la ki benefisye sekirite lekòl la, sèvis sante mantal, amelyore peman pwofesè yo, epi sipòte pwogram edikasyon pou atizay ak karyè.

Sipèentandan an te mande manm Delegasyon sipò yo pou kenbe finansman sante mantal ak asistans yo nan rekritman pwofesè.

Bito David nan emisyon “ENFÒME W”, nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach, ap resevwa kòm envite Ruth Lindor ki ap pale osijè kanè lekòl ak pèfòmans akademik elèv.  


Yon Bon Patenarya Ki Bay Rezilta
Rezo Edikasyon an (T.E.N.) mete tèt ansanm ak Komisyon Film & Televizyon Palm Beach County pou ofri nouvo pwogramasyon pou gade sou kanal Comcast 234 ak 235, ak kanal AT&T U-verse 99. Gen 18 epizòd ki eksplore ekosistèm enpòtan yo, bèt sovaj divès kalite, ak kilti inik ke nou gen privilèj pou genyen nan Rejyon Palm Beach la. Klike la a pou w li plis.
Remèsye Yon Pwofesè
Julius Edwards se pwofesè ki genyen pri 'Remèsye Yon Pwofesè Pou Semèn Nan'. Li se yon pwofesè nan Lekòl Segondè Palm Beach Lakes. Inisyativ sa a rekonèt chak semèn yon pwofesè ke elèv, paran, ak estaf anplwaye nonmen pou devouman yo, pwofesyonalis yo, ak jan yo genyen enpak pozitif sou elèv. Klike la a pou gade videyo a. 
Pou Onore Gwo Lidè Nan Tout Distri A
Distri a fyè fè patenarya ak Fondasyon Edikasyon nan Rejyon Palm Beach pou rekonèt pi gwo lidè edikasyon ane sa a. Chak kandida yo reprezante gwo lidè distri a nan kategori sa yo:
• Direktè pou Ane a
• Asistan Direktè pou Ane a
• Pwofesè pou Ane a
• Anplwaye sipò nan Distri a

Y ap anonse gayan yo 31 janvye.

Pwogram Ochwa Distri Yo Ap Ede Elèv Pran Wout Karyè

Al Packer Automotive Academy nan Lekòl Segondè Seminole Ridge ap bay elèv yo zouti yo bezwen pou yo reyisi antre nan mendèv la. Elèv yo kapab gradye ak jiska nèf sètifikasyon endistriyèl, sa ki fè yo ekonomize plizyè milye dola ekolaj.

Vandredi 27 janvye se dat limit pou aplike pou yon pwogram. Pwogram sa yo kouvri tout domèn soti nan gastronomi, sekirite sibènetik, pou rive nan mekanik oto.

Suiv @PBCSDKreyol sou Facebook, Twitter, ak Instagram pou jwenn mizajou
nouvèl nan lang Kreyòl Ayisyen.